Hen. Ala yon mizè pou ayisyen k ap viv Sendomeng. Adje, o! Gen kèk wòch ki ta merite sèvi ak mwens solèy, epi gen wòch k ap neye nan dlo. Men afè moun pa gade m. Beniswa lètènèl.
Mira…
Jounen jodi a, travay kay fanmi ban m yon sèl jou òf pou m lave pase netwaye lakay anm. M pa di mo poutèt pitit mwen Ayiti bezwen manje.
Jou yon swa, yo vin pran ti kòmesan paletèl. M pa di mo poutèt m pa nan bak sirèt.
Jou yon swa, yo ranmase nèg ayudan ak blok pa peye yo. M pa di mo poutèt m pa kraze zo m nan konstriksyon an.
Jou yon swa, yo sèzi bekann depòte nèg manje fwi l bwè ji l. M pa di mo poutèt m pa desann nan Conde a ankò.
Jou yon swa, yo mete bouzen nan kwatèl file yo mande lajan lage yo. M pa di mo poutèt m pa lave boutèy.
Jou yon swa, yo betize totire koupe tèt fè yon videyo Carlos Nèrilus. M pa di mo poutèt li pa t sipoze revandike tèt li konsa.
Jou yon swa, yo twonpe vòlè vyole tchwe Rooldine Lindor. M pa di mo poutèt m pa mele ak moun save yo.
Men m mande pwòp tèt pa m, jou swa yo vin chofe dèyè m, kiyès k ap di yon mo? Kilè n ap òganize yon vre kominote ayisyen, menm jan yo fè nan Barrio Chino? Cuando van a darnos nuestra dignidad y respecto?

In English? Where are you located now?
ReplyDeleteThanks and that i have a swell present: Where Is Charlotte Church House Renovation contractors for home additions near me
ReplyDelete